Rezime pou Elèv ak Paran yo: Rapòte ka Nuizans osinon Diskriminasyon

Regleman 5.81 entèdi nuizans seksyèl elèv ak diskriminasyon kont elèv ki baze sou sèks ak nati seksyèl.

Regleman 5.001 entèdi nuizans oswa diskrimasyon kont elèv ki baze sou, men pa sèlman: ras, koulè, relijyon, sèks, nasyonalite, laj, andikap, sitiyasyon matrimonyal, rasin, gwoup etnik, nati seksyèl, preferans lengistik, kwayans politik, oryantasyon seksyèl, oswa orijin sosyal/familyal.

Remak: Sa ki mansyone anba a se sèlman yon rezime jeneral. Akoz espas nou ki limite, gen detay enpòtan rezime sa a pa genyen. Gade Regleman 5.001 ak 5.81 pou tout rès detay yo. Regleman Distri Lekòl Rejyon Palm Beach yo sou Entènèt nan adrès www.SchoolBoardPolicies.com oswa www.palmbeach.k12.fl.us/policies.

A. Elèv Anmèdan/Prejije. Si moun ki anmèdan an/ki gen prejije a se yon elèv:

1. Direktè. Rapòte ensidan an bay direktè\tris lekòl la. Menmsi ou mande pou fè plent la enfòmèl, direktè\tris a ap dokimante plent la alekrit, epi w ap genyen pou ou siyen dokiman an pou w montre li kòrèk.

a. Si l apwopriye, epi si w dakò, direktè\tris la kapab ofri pou jwenn yon solisyon enfòmèl nan yon reyinyon ak moun ki anmèdan/prejije a. Si yon solisyon enfòmèl pa apwopriye oswa posib, direktè\tris ap ede w ranpli epi siyen yon fòm plent fòmèl nan fòm Rapò Plent Elèv ( si w poko ekri plent ou an nan fòm sa a). Pou w pousuiv yon plent, li dwe fèt alekrit nan entèval 180 jou apati dat ensidan an te pase a (sa vle di, pandan 180 jou apre dènye nuizans oswa diskriminasyon).

b. Direktè\tris la ap mennen envestigasyon epi ap pran desizyon alekrit sou validite plent la ak nenpòt aksyon nesesè ki sipoze pran pou rezoud pwoblèm nan nan yon entèval 30 jou.

2. Sipèentandan Zòn nan. Si w pa satisfè ak desizyon direktè\tris la, ou kapab ekri sipèentandan zòn nan pou mande fè yon revizyon sou desizyon direktè a nan yon peryòd 10 jou travay. Sipèentandan zòn nan ap bay desizyon l alekrit, ki byen souvan pran 30 jou apre li resevwa apèl la.

3. Direktè\tris Akademik Anchèf. Si w pa satisfè ak desizyon sipèentandan zòn nan, ou kapab ekri Direktè\tris Akademik Anchèf la pou mande fè yon revizyon sou desizyon sipèentandan zòn nan te pran an nan yon peryòd 10 jou travay. Direktè\tris Akademik Anchèf la ap pran yon desizyon alekrit, ki byen souvan pran 20 jou apre li resevwa apèl la.

4. Sipèentandan. Si w pa satisfè ak desizyon Direktè\tris Anchèf Akademik la, ou kapab ekri Sipèentandan an pou mande fè yon revizyon sou desizyon Direktè\tris Akademik Anchèf la nan yon peryòd 10 jou travay. Sipèentandan an ap pran yon desizyon alekrit, ki dabitid pran 20 jou aprè l resevwa apèl la. Desizyon Sipèentandan an se desizyon final Distri Lekòl la. (Si ou pa satisfè ak desizyon final Distri a, kapab gen lòt fason legal pou w rezoud akizasyon nuizans oswa diskriminasyon an, tankou ranpli yon plent voye bay biwo federal pou dwa sivil (OCR), jan li mansyone nan regleman nimewo 5.001 ak 5.81 Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.)

B. Anplwaye Anmèdan/Prejije. Si moun ki anmèdan an/ki gen prejije a se yon anplwaye:

1. Direktè\tris la. Rapòte ensidan an bay direktè\tris lekòl la. Direktè\tris la kapab ede w fè yon plent ofisyèl ak fòm Rapò Plent Elèv. (Men si w kwè direktè\tris a te enplike dirèkteman nan dosye nuizans oswa prejije a, ou kapab ekri yon plent bay sipèentandan zòn nan. Oswa ou kapab rapòte ensidan an bay kowòdinatè Tit IX la oswa espesyalis ADA/504 la). Pou pousuiv plent la, li dwe fèt nan yon entèval 180 jou apati dat ensidan an te rive a (sa vle di, 180 jou apre dènye zak nuizans oswa diskriminasyon). Direktè\tris a pral voye rapò a bay kowòdinatè Tit IX la oswa espesyalis ADA/504 la (epi youn nan yo ap mennen envestigasyon sou plent la epi ap pran yon desizyon alekrit sou validite plent la ak aksyon ki rekòmande pou korije pwoblèm nan nan entèval 30 jou si posib).

2. Direktè\tris Anchèf Jesyon\ Ranplasan. Si w pa satisfè ak desizyon kowòdinatè Tit IX la oswa espesyalis ADA/504 la, ou kapab ekri Direktè\tris Anchèf Jesyon/ranplasan an pou mande fè yon revizyon sou desizyon an nan yon peryòd 10 jou travay. Yon desizyon alekrit dwe fèt nan yon entèval 20 jou aprè apèl la.

3. Sipèentandan. Si w pa satisfè ak desizyon Direktè\tris Anchèf Jesyon an, ou kapab ekri Sipèentandan an nan yon peryòd 10 jou travay. Sipèentandan an ap bay desizyon li alekrit nan yon entèval 20 jou aprè li resevwa apèl la. Desizyon Sipèentandan an se desizyon final Distri Lekòl la. (Si ou pa satisfè ak desizyon final Distri a, kapab gen lòt fason legal pou w rezoud akizasyon nuizans oswa diskriminasyon an, tankou ranpli yon plent voye bay biwo federal pou dwa sivil (OCR), jan li mansyone nan regleman nimewo 5.001 ak 5.81 Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la.)

Remak: Ou dwe rapòte akizasyon nuizans oswa diskriminasyon yon volontè, konsiltan, kontraktè, oswa lòt moun sou teren lekòl la oswa ki nan yon aktivite lekòl la ap fè menm fason ou pote akizasyon kont yon anplwaye lekòl.

The Translation Team of the Department of Multicultural Education certifies that this is a true and faithful translation of the original English version submitted - March 2003-SY32333.